LAPIS Peer Support Model (Kreyol)
LAPIS se youn nan zouti sipò ant parèy nou yo ki pi enpòtan. Li se yon pati nan fòmasyon sipò ant parèy pou sante mantal Nwa nou an.
Tool Filed Under: Mental Health Education, Peer Support Tools, Training Resources, Image
Image Description:
MODÈL SIPÒ KOMEN L.A.P.I.S.
L
LOUVRI ZÒRÈY OU POU W KOUTE & EVALYE POU SIY DETRÈS OUBYEN MALÈZ.
Tande ak atansyon. Evalye si moun nan oswà tèt ou an danje. Si sa nesesè, fè nimewo yon warm-line, sekou sante mantal lokal, manm kominote a ou fè konfyans, oswà yon gwoup kriz mobil pou sipò.
A
AFIME AK VALIDE EKSPERYANS MOUN NAN.
Valide santiman yo san minimize oubyen demanti sa yo di. Sonje: santiman se yon sèl mo: tris, pè, fache, kontan. Pa mete dout sou eksperyans ak istwa moun nan, paske sa ka agrave yo.
P
PRAN SWEN YO LÒT VLE DI KOLABORASYON & JWENN RESOUS.
Kolabore avèk yo pou w navige resous, sèvis, ak opsyon k ap bon pou yo. Fè atansyon paske privilèj ou ak idantite w ap gen enpak sou fason ou aji ak fason yo resevwa w.
I
INISYE AK LANSE YON PLAN SWEN PÈSONÈL AK KOMINOTÈ.
Kontinye travay sou plan pou swen ak responsabilite yo jiskaske nou jwenn èd pou sante mantal. Kiyès k ap tcheke sou moun nan, pote manje, medikaman, ak lòt nesesite? Idantifye rezo sipò ki gen sekirite. Pa bliye kreye yon plan swen pou tèt ou tou pandan w ap pran swen lòt moun.
S
SIPÒ VLE DI CHÈCHE ÈD LÈ W BEZWEN.
Chèche sipò lokal nan men manm kominote ou fè konfyans pou w jwenn enfòmasyon sou kijan ou ka ede tèt ou oswà yon zanmi w. Ou ka jwenn resous, liy dirèk, ak lyen endirèk pou w kontakte sou:
www.beam.community/talktosomeone
BEAM
Black Emotional and Mental Health Collective
General Image Description:
The image is an illustrated poster showing three people in conversation. One person is gently holding and offering a small blue stone or object while speaking to another person who appears concerned or emotional. A third person is partially visible, listening nearby. The scene conveys care, attentiveness, and community support. The style is soft and colorful, with warm tones and expressive faces. Below the illustration is a structured guide titled “MODÈL SIPÒ KOMEN L.A.P.I.S.” with sections labeled L, A, P, I, S, each describing steps for providing emotional and mental health support in Haitian Creole.